Nan Job chapit 1 ske sete yon aksè littéral Satan te genyen nan syèl la? Si wi à pati de kilè li pa gen aksè sa ankò ou byen skel tjr genyen li?
top of page
Special topics
Welcome to the Bible Club
of
Standing 4 Christ Ministry
This space will keep you in perfect connection with the Word of God
Conferences and Studies
This section contains multiple lectures and studies in various fields, such as: church, bible, apologetics, evangelism, and others. Presentations are made in video and audio formats via our YouTube channel.
Apologetic Conference
Various
bottom of page
Men yon ribrik adisyonel sou kesyon an:
https://youtu.be/TpTC1LoSNk8
Se yon ekselant kesyon e ki pa souvan fasil pou reponn, sepandan nap eseye eklere w ou mete w sou chimen pou w apwofondi.
Fo-n di ke se pa premye fwa yo itilize ekspresyon ke Satan vini devan Letenel (1 Rois 22.19 ... ; 1 Chroniques 21.1; Zacharie 3.1-2), e toujou se pou akize nou nan nwit kou lajounen devan Bondye paske Bib la rele akizatè frè nou yo (Apo 12 v 10). Otè a rakonte san dout sa l wè an espri pa rapo ak sèn sa e ki montre efektivman ke Satan te gen aksè akoz anpriz peche gen sou lom e ki bal aksè akize nou san etonnman lot zanj yo ki te la, sa montre ke li kon abitye fet; men aksè msye pral koupe akoz lanmo Kris la ki peye e ki fe peche pa gen pouvwa sou nou e Kris la ki vin tounen avoka pou defann nou avan menm akizasyon ennmi an. E gen yon lè kap rive anpi li a ap tonbe net (Apo 20:10)